Ayiti pa m. Kouman mwen dekouvri KEPKAA ak kou kreyòl la. Aktik yo

Documents pareils
LIVRÈ SANTE. Teks : desanm 2005 Atansiyon : kèk enfòmasiyon ki nan livrè sa kapab chanje yon lot lè..

DESIGN BOOK AYITI LOJMAN RELIEF Western Washington University - Sustainable Design Studio 2010 RELIEF LOGEMENT HAITI HAITI HOUSING RELIEF

Introduction à l'informatique

HAÏTI LIBERTÉ. Pwason ap mouri nan Lak Azeyi! L extermination programmée du peuple haïtien. La bataille contre le choléra

Ancourajé le rêspê é ofrir dê sêrvis municipo ékitabl dan la Ville de Montréal. Têkst sinplifié

Haïti, comme bien d autres pays sous-développés, bénéficie. Impacts des interventions des ONG en Haïti : nécessité d un nouveau cadre de partenariat

ENQUETE SUR LES CONDITIONS DE VIE DES MENAGES APRES SEISME (ECVMAS) 2012 MANUEL DE L AGENT ENQUETEUR HAITI

(extrait de l ouvrage «KOURAJ DI KRE LO NOU KREOL», 1996)

INTÉGRATION ET RÉUSSITE DES ÉTUDIANTES

Le son [v] Découpe et colle les images dans la bonne colonne. Prénom : Date : J entends [vi] J entends [va] J entends [vo]

Kreyòl mwen, richès mwen!

DICTIONNAIRE DU CREOLE MARTINIQUAIS

De Bernard Lagier / Mise en scène de Sylvain Bélanger / Avec Erwin Weche

VILLE DE VILLEURBANNE CONSEIL MUNICIPAL 5 JUILLET ooo-

Petite liste de «faux amis» entre le créole réunionnais et le français. Fabrice Georger, chargé de mission Langue Vivante Régionale 1 er degré.

pauvrete extreme du Gouvernement

CEPF FINAL PROJECT COMPLETION REPORT

Un corpus de SMS produits par de jeunes adolescents : méthode de recueil et premières données

CREDI. Etude Socio-anthropologique sur la fistule obstétricale en Haïti. Rapport final

Carnaval et grogne sociale Apre dans tanbou lou

MA CONSO ALCOOL, CANNABIS, COCAÏNE, ECSTASY, GHB... OÙ FAIRE LE POINT?

Article. «Le sac d histoires» Maryse Lévesque. Québec français, n 153, 2009, p Pour citer cet article, utiliser l'information suivante :

LES TEMPS BOUL VERSÉS

Latitude N Longitude E Altitude 376 m RÉSUMÉ MENSUEL DU TEMPS DE JANVIER 2014

Présentation du programme ANO et de la démarche de capitalisation

N 3 mai-juin-juillet 2014 Horaires: Mardi à Vendredi de 09h00 12h00 14h00 18h15

Voyage Incentive Saint Martin 5 jours/4 nuits

Pour la Commune de FAVIERES, Monsieur Morad FENNAS, Madame Josette LAUTIER, Monsieur Jean Claude MARTINEZ, Monsieur Philippe MURO.

Guide Abrégée de la programmation pour la messagerie Flash

L'important C'est la rose

Ali mon ami Enfants des quartiers nord de Marseille

Vers une cui si ne améliorée. Une étu de sur les cui si nes et les fo yers dans le ca dre du pro jet UNSO fo yers amé lio rés au Bur ki na Faso

Dans la maison réservée à l intendante, il est possible d avoir une chambre supplémentaire sur demande.

étude de cas Intégration de la solution VMware VIEW CSSS de Charlevoix

Centre d'etudes Nucléaires de Fontenay-aux-Roses Direction des Piles Atomiques Département des Etudes de Piles

ASSEMBLÉE ORDINAIRE DU LUNDI 10 JUIN 2013

Municipalité de La Nation The Nation Municipality

Janvier lun. mar. mer. jeu. ven. sam. dim.

CASSETTES AUDIO / VIDEO

La fondation SEMAFO c est ma fondation

Les jours de la semaine

Gérard COSME Karamoko SISSOKO Faysa BOUTERFASS. Ali ZAHI Christian LAGRANGE Marie-Rose HARENGER. Christian BARTHOLME Sylvie BADOUX Dref MENDACI

Atelier de formation sur L Evaluation des compétences fondamentales en lecture

Tutoriel Infuse Learning. Créer des quizzes multimédias sur ordinateur ou tablette

CONNAISSANCE COLLABORATION IMPACTS EXCELLENCE FORMATION REVITALISATION RETOMBÉES DÉVELOPPEMENT DURABLE NOUVEAUTÉS ORGANISATION

LES ESCALIERS. Du niveau du rez-de-chaussée à celui de l'étage ou à celui du sous-sol.

Ville, le (date de l envoi)

À travers deux grandes premières mondiales

Si la vie vous intéresse

MARSEILLE-PROVENCE 2013 une année CAPITALE!

Comité local Santé et Sécurité

RECUEIL DES ACTES ADMINISTRATIFS N

PROGRAMME BIENVENUE A PARISBAD 2011

Projet d appui au. capacités en gestion de la santé en Haïti PARC. Objectifs du projet

1 400 HKD / year (Season : 21/09/ /06/2016)

Calculs de probabilités conditionelles

ROTARY CLUB DE SEPT-ÎLES C.P.573 SEPT-ÎLES G4R 4K7

na an ne en an Me un ma an en me en

Guide utilisateur. Nouvelle gamme couleur Konica Minolta

LISTE DES CODES TESTS MOTEURS, HVTS, CLUTCHS, MODE 03/O4

Adopté à l unanimité des conseillers

RAPPORTS des Vice-président-e-s et Substituts

Cadeaux d affaires, cadeaux d entreprises, objets publicitaires - services@france-cadeaux.fr

Au programme : exposition, master class, conférences et concert.

CLUB SPORTIF UMS BASKET MONTELIMAR DOSSIER SPONSORING PARTENAIRES

SINCE 1973 AZUR PAYSAGE. DOSSIER de PRESENTATION de L ENTREPRISE. DOSSIER PHOTOS de REALISATIONS

Articles promotionnels vendus au public

12-13/06/2013 C.COLIN / MA. BLOCH

Une stèle en mémoire des Martyrs de Soltau. «Ceci n est pas une Saint-Nicolas» L annuaire 2015 est arrivé! La Halle aux saveurs 4.

Compression Compression par dictionnaires

T C E emilierv@gmail.com

DÉTAILS ET RÈGLEMENTS DE LA LOTO VOYAGE 2014

LE LOGICIEL DE GESTION COMMERCIALE

LPSIL 2012/ EDT première semaine (du 17/09 au 21/09) s38

Marchés Sectoriels. Les prestations de type PGE sont présentes dans les fiches services Entreprises : Prestations Générales

Mandelieu-La Napoule

Comité dirigeant 2009

Chapitre 10 Arithmétique réelle

CONFERENCES. Vendredi 25 Titre Intervenant. Samedi 26 Titre Intervenant. Dimanche 27 Titre Intervenant

Réunion publique/téléconférence

Q. A quels produits s adresse ce document?

La fiche pédagogique du mois.

Des espaces prestigieux pour des instants magiques

Objet : Commentaires de la FCEI sur le projet de Règlement d application de la Loi sur les entreprises de services monétaires et

LE MARIAGE SELON LES DIFFERENTES RELIGIONS.

Page 1. Test VDSL2. Test ADSL/2/2+/Re-ADSL. Test Résitance Capacitance R/C. TDR-Echomètre 6 km (option) Test PING.

Membres du Conseil consultatif des pensions - Biographies (juin 2015)

SAV ET RÉPARATION. Savoir-faire.

ANNEXE A L ARRETE DSP N 2014/004

Très chers amis, Merci de nous aider, vous êtes toujours bien présents dans nos prières quotidiennes. Dans le Cœur de Jésus,

Modèle de Suivi en première ligne des maladies chroniques. Fellow du programme TUTOR-PHC, IRSC Familiale U. de Mtl.

Tournoi international à Langenlonsheim (Allemagne)

Absence de responsabilisation de la Banque Mondiale pour son engagement dans le secteur minier haïtien

Statuts. Association-Nathalie-Manser

GROUPE SYNERGIE PME INC. 800, boul. René-Lévesque O., #161, Stn B, Montréal, QC, H3B 3J5 Tél. :

Ebuzzing: Les meilleurs blogs d'entrepreneurs 2014

Communiqué 11ème Carnaval des Alpes à Gap Thème «Les insectes et le potager» Mercredi 29 Février 2012

Compte-rendu du Bureau Exécutif du 12 février 2015

40 1 ELXIR DE CHARTREUSE ELXIR DE CHARTREUSE CONTRâLE TECHNIQUE PORTE VELO BOITE OUTILS NIVEAU 1158

Transcription:

21 avril 2010 Volim 1, Nimewo 1 Aktik yo Ayiti pa m Ayiti pa m 1 Hélène Gagnon Kouman mwen dekouvri Kepkaa ak kou kreyòl la 1 Jounen solidarite pou Ayiti 2 Orijin non Pòtoprens la 3 Operasyon Hestia 3 Se Bondye ki fòs pèp ayisyen 4 Relasyon 4 Yon bèl eksperyans 5 Ofisye polis kanadyen ann Ayiti 6 Desanm 2009: mwen ak mennaj mwen, Andre, nou te ale ann Ayiti pou nou vizite zamni nou k ap travay Pòtoprens e ki rete Petyonvil. Lè nou te rive ayewopò epi nou te soti lavil la, se te yon chòk pou nou : chalè a, anpil bri tankou machin k ap klaksonnen, anpil moun nan lari a, moun sou bò wout yo k ap vann machandiz, moun k ap achte, moun k ap mache nan lari a epi chofè men nan lavil se mizè. Machann yo bezwen vann kèk bagay pou jounen an pou yo kapab manje nan aswè. Lè nou mache nan lari a, se sèl nou ki blan epi tout lòt moun yo nwa. Se premye fwa mwen reyalize vrèman koulè po mwen, se premye fwa mwen santi mwen se yon blanch anvan mwen santi mwen se yon moun. Moun blan yo ki rete ann Ayiti pa mache nan lari. Yo pa pran tapanpil odè tou; sant gazolin, sant manje, sant fatra eksetera. Ayiti se peyi kontras; nan lavil se chalè, andeyò nan mòn yo, bò Fisi, Kenskòf, se fredi. Kay zanmi nou se gwo kay ak gason lakou epi Kontinye nan paj 2 Kouman mwen dekouvri KEPKAA ak kou kreyòl la Susie Gruber Sa gen 20 an, mwen te konnen plizyè zanmi ayisyen ki te pale kreyòl. Nou te danse ansanm, men m pa panse aprann kreyòl lè sa a...m te toujou konn koute san konprann. Sa gen 3 an, mwen te rankontre yon vwazin, madan Clément ki 82 an. Li janti anpil epi li se yon moun ki on ti jan sounwa tou. Sa pa fasil pou moun konnen li Madan Clément byen...sa mande tan pou moun konnen li. Pezape youn t ap vin konnen lòt plis, nou pale ansanm, men li renmen pale franse. M toujou koute lè li ap pale kreyòl ak timoun li yo. Yon jou, yon bon zanmi m te voye yon kouryèl ban mwen sou KEPKAA ki bay enfòmasyon sou kou kreyòl. Menm kote a mwen gen lide pou mwen pran kou kreyòl KEPKAA ofri a. Kontinye nan paj 6

2 Kòdonatè KEPKAA Pierre-Roland Bain Direktè piblikasyon Allyn Denis Kolaboratè Nathalie Simoneau Hélène Gagnon Susie Gruber Pierre Maltais Danielle Valmera Geneviève Messier Sylvain Prevost Nirvah Mathurin Tamarah Mathurin Christine Morency Jounen solidarite pou Ayiti Apre tranblemann tè ki te rive ann Ayiti a nan mwa janvye ki sot pase a, depatman Sosyoloji nan Inivèsite Monreyal te deside òganize yon jounen solidarite pou Ayiti. Se avèk èd asosiyasyon etidyan an, mwen te rive reyalize jounen solidarite sa a. Nou te sèvi manje Ayiti pa m (suit) ayisyen pou nou ka ranmase lajan pou òganis CECI. Restoration Boukan ban nou manje ayisyen nan pri ki pa twò chè pou nou ka fè pwofi epi mwen te fè diri ak pwa ak zanmi mwen. Apre sa, nou te òganize yon konferans nan kad seminè ki rele Sociologie de la pauvreté a pou nou ka diskite pwoblèm ki nan rekonstriksyon Ayiti. Sware a te fini ak mizik ayisyen. Gwoup Créart te fè mizik an kreyòl. Nou te ranmase 770 dola pou jounen an. Danielle Valmera Mizanpaj Allyn Denis Sekretè Redaksyon Roberte Polo Mwen wè lavi a yon lòt fason kounye a paske mwen konprann menm si moun ann Ayiti pòv, yo renmen lavi. tap, yo pa achte manje sou bò wout epi yo di nou pa fè sa a. Men nou panse : pou ki sa pou n ale ann Ayiti si nou pa ka fè kèk bagay Ayisyen yo konn fè? Donk nou mache nan lari Pòtoprens ak nan lari Jakmèl, nou achte zoranj, zannanna, nou manje diri ak legim epi griyo sou bò wout yo. bwè byè Prestige. Nou rankontre lòt moun epi nou fè ti koze ak yo, timoun yo vin wè blan yo epi nou jwe ak yo. Nou pran tap tap pou nou fè wout Jakmèl- Pòtoprens. Anpil moun ki wè nou pa konnen ki kote pou nou al pran tap tap osnon ki kote pou nou desann yo ofri pou yo ede nou ; Ayisyen se moun ki renmen ede, se moun janti. Mwen wè lavi a yon lòt fason kounye a paske mwen konprann menm si moun ann Ayiti pòv, yo renmen lavi. Ayisyen renmen mizik, yo renmen danse, chante, fè fèt. Yo renmen fè ti koze, rankontre lòt moun. Mwen vle retounen ann Ayiti anvan lontan. Mwen vle ede pèp ayisyen an nan rekonstriksyon bèl peyi sa a. Andeyò lavil nou ale mache nan mòn ak yon gid, nou ale nan ti ba restoran epi nou Ayiti pa m, se dekouvri yon peyi ansanm ak pèp li, men se dekouvri pwòp tèt mwen tou. Helène Gagnon

3 Orijin non Pòtoprens la Nan sèzyèm syèk, se panyòl ki te okipe lil Ispanyola. Nan fen syèk sa a, pirat fransè yo te kòmanse vini sou lil Ispanyola a. Yo te bati yon lopital kote Pòtoprens ye jodi a. An 1697, apre yon lagè, Fransè yo te pran mwatye nan lil la. Nouvo administrasyon fransè an te vle pran kontròl lopital la. Pirat yo pa te dakò, yo te deside fèmen lopital la. Lè pirat fransè yo te pati, anglè yo te enterese nan lil la. An 1706, pou pote pi bon defans nan rejyon an, fransè yo te fè yon kapitèn vini ak bato li. Kapitèn nan te rele Mesye de Saint-André epi li te jete lank nan bè a. Bato li a te rele Le Prince An 1742, administrasyon fransè an te gen bezwen yon kapital pou koloni a.yo te deside mete kapital la nan rejyon ki gen lopital la.yo te bay kapital la non bato kapitèn Saint- André a : Port-au- Prince (Pòtoprens) Sa vle di Kapital ayisyen an gen non yon bato yon kapitèn fransè dizuityèm syèk. Sylvain ak Geneviève Apre endepandans ansyen esklav yo an 1804, Desalin te deside chwazi Pòtoprens kòm kapital peyi d Ayiti. Anvan sa Pòtoprens te kapital Sendomeng, sa vle di pati nan il Ispanyola a ki te sou kont blan fransè. Anvan 1770 se vil nou rele Kap Ayisyen kounye a oubyen Okap ki te sèvi kapital koloni an. Se apre endepandans lan tou Desalin te deside bay nouvo peyi a non Ayiti a ki vle di peyi mòn nan lang endyen Ayiti yo. Operasyon Hestia Pou ede Ayiti apre tranblemann tè nan mwa janvye a, Kanada te voye ekip entèvansyon pou dezas (EICC) nan Fòs lame kanadyen (FC) a. Ekip la te enstale kò yo nan twa zòn estratejik yo: ayewopò Tousen Louvèti nan Pòtoprens, nan distrik minisipal Leogàn, ki te detwi prèske a 90% epi Jakmèl, ki te pèdi kontak ak Pòtoprens paske tranblemann tè a te detwi wout yo. EICC te deplwaye ann Ayiti depi 13 janvye, yon jou aprè tranblemann tè a, rive 15 mas. Yo te fè divès travay. Yo te netwaye zòn ki afekte yo, yo sipòte distribisyon èd imanitè a, yo bay sekirite ak lapolis zòn kote yo ye a, yo ede nan pwodiksyon ak distribisyon dlo potab, reaktivasyon ayewopò yo, konstriksyon lopital mobil, livrezon swen sante, mouvman èd imanitè epi evakyasyon dijans. Total, EICC te transpòte 5447 pasaje sivil epi yo te deplase 5265592 liv machandiz. Yo te swaye 22290 pasyan. Yo te distribye 2585077 kabann, dlo potab ak 1404940 repa endividyèl. Lame te eseye, jan sa posib, voye militè frankofòn pou fasilite kominikasyon ak Ayisyen yo. FC te reponn byen vit pou ede Ayisyen yo rekanpe apre youn nan pi move dezas natirèl nan istwa peyi sa a. Pierre Maltais

4 Jodi a, jèn yo pa rete nan relasyon lontan. Pou nou menm Ayisyen, kwè nan Bondye se rete vivan. Nou bat yon gwo bravo pou tout moun ki te swiv kou kreyòl la e ki enterese konnen kilti pèp Ayisyen an pi byen. Se Bondye ki fòs pèp ayisyen Kòm nou konnen pèp ayisyen gen yon gwo relasyon ak Bondye. Fòs yo ak kouraj yo se rezilta lafwa yo. Kouman nou ka esplike yon pèp ki pa gen anyen, kapab rive viv malgre tout katastwòf sa yo? Repons lan fasil : Li rete nan kwayans Bondye. Pou nou menm Ayisyen, kwè nan Bondye se rete vivan. Pi fò Ayisyen konprann sa ki enpòtan se genyen yon relasyon solid ak Bondye. Yo wè nan li yon Bondye ki gen Èske nou te konn sa? anpil lanmou, ki toujou rete fidèl. Se li menm ki pwoteje yo epi ki soutni yo. Yo wè ke : genyen yon relasyon ak Bondye sa vle di tout bagay. Se yon fòs, se yon sous kè kontan ak kè poze. Se lè eprèv yo vini yo wè enpotans relasyon yo ak Bondye. Paske Ayisyen yo, menm nan eprèv yo konnen yo an sekirite nan men Bondye. Yo konprann ke sekirite a se Bondye ki bay li. Thamarah Mathurin Relasyon Lè mwen te pi jèn mwen te kwè yon fanm te dwe marye anvan ventan epi li te dwe fè anpil timoun. Kounye a mwen pa panse menm jan. Fanm ayisyen k ap viv Kebèk pa menm jan ak fanm ayisyen ki ann Ayiti. Fanm nan Kebèk vle gen yon bon travay, yo vle amize yo, yo vle voyaje anvan yo marye. Anpil fanm pa kwè nan maryaj. Mwen gen anpil zanmi laj mwen ki pa marye epi ki gen pitit. Jodi a jèn yo pa rete nan yon relasyon lontan. Fanm yo pi endepandan. Gason yo vle fanm ki pi tradisyonèl. Nirvah Mathurin Jean Baptiste Point de Sable te fèt Senmak lè Ayiti te rele Sendomeng. Li se youn nan fondatè vil Chikago. Simon Bolivar te ale ann Ayiti an 1815 pou li te mande Ayiti èd. Yo te ba li zam ak sòlda. Se sa ki te ede li libere Venezyela ak lòt peyi Amerik latin. Etazini te okipe Ayiti an 1915 epi yo te kite peyi a an 1934. Se pandan lokipasyon lang franse vini lang ofisyèl peyi d Ayiti. Anvan Kristòf Kolon te dekouvri Ayiti, endyen yo te rele lil la Kiskeya, Ayiti oubyen Boyo. Apre gouvènman Divalye a te egzile Georges Anglade, li te ale an Frans kote li te fè yon doktora nan jewografi. An 1969 li al viv Kebèk. Li se youn nan fondatè UQÀM. Li mouri nan tranblemann tè 12 janvye 2010 la. Edwidge Danticat te ekri yon liv ki rele Eyes, Breath and Memory an 1996. Liv sa a te resevwa pri jèn otè Ozetazini. Met sou sa, Oprah te chwazi liv sa a pou Oprah s book club, yon klèb lekti kote Oprah ankouraje lektè yo li yon liv li chwazi.

5 Yon bèl eksperyans M konnen yon fi ki te fè anpil travay imanitè ann Ayiti. Nan ti tèks sa a, m ta renmen esplike sa li te fè pandan li te ann Ayiti. Se papa li ki gen yon òganis imanitè a. Se yon òganis ki fè pwomosyon teyat nan ti vil ki pi defavorize pase tout vil moun gade kòm gwo vil tankou Pòtoprens, Jakmèl, eksetera. Moun yo k ap travay pou òganis sa a yo fè sa gratis nèt. Pi souvan, se etidyan nan disiplin atistik ki ale laba a pandan vakans lèkol yo. Yo te prepare plizyè kou pou montre timoun yo fason pou yo ka eksprime yo. Se enpòtan pou moun yo ki renmen fè travay imanitè gen lespri ouvè pou yo ka aprann kilti moun kote yo prale a epi pou travay benevòl la ka montre moun pwòp kilti pa yo. Pandan plizyè semèn, timoun yo aprann divès fason pou yo fè yon espektak konplè. Yo renmen mete dans, teyat, chan epi lejann popilè nan espektak sa yo. Pandan tan yo pase ann Ayiti a, benevòl yo ede anpil abitan. Yo fè kanalizasyon pou pèp la kapab gen dlo potab, yo ede nan semans, yo fè kou alfabetizasyon an fransè avèk timoun, yo fè reparasyon nan kay moun ki bezwen, eksetera. Se pou ede yo, moun bò isit ale laba a Epi yo pwofite okazyon an pou fè travay kiltirèl avèk timoun yo. Òganis sa a ki ale laba a se yon gwo òganis paske li gen pwofesyonèl nan travay imanitè ki kapab montre kouman ou sipoze fè kanalizasyon pou moun pa fè bagay yo vin pi mal ankò! Pandan moun kapab fè gwo bagay fizik, gen lòt moun ki fè travay ki pi imanitè, ki pi trankil avèk abitan yo epi ak timoun. M ta sipoze ale ann Ayiti anvan lontan pou fè travay sa a tou. M byen anvi fè sa pou m ede moun yo epi pou m gen yon bèl bèl eksperyans nan tèt mwen! M vle di yon bon souvni Christine Morency Pou ki sa poul la travèse lari a? Anpil nan nou konn tande istwa poul k ap travèse lari a, pa vre? Men sa kèk gwo zotobre te reponn lè yo te mande yo pou ki sa pou la ap travèse lari a : Bill Clinton : M pa konnen pou ki sa poul la ap travèse lari a men mwen pa te nan okenn relasyon seksyèl ak poul la. Sigmund Freud : Si w bezwen konnen pou ki sa poul la ap travèse lari a se paske ou gen yon pwoblèm seksyèl k ap boulvèse lespri w. Neil Armstrong : Lè poul la poze pye li nan lari a, li fè yon ti pa men se yon gwo pa pou tout poul sou latè. Martin Luther King : M reve gen yon jou kote tout poul va lib pou yo travèse lari jan yo vle, san yo pa bezwen ap esplike pou ki sa. Pitit poul blan ak pitit poul nwa va travèse lari men nan men e sa va parèt natirèl. Bill Gates : Nou fèk mete yon nouvo lojisyèl deyò ki rele Poul Office 2010. Poul Office 2010 ap ka fè plis bagay toujou: l ap travèse lari, l ap ponn ze, l ap klase dosye w epi l ap kominike byen ak Windows. George Bush : poul la travèse lari a kè pòpòz malgre rezolisyon Nasyonzini yo. Li lè li tan pou nou bonbade wout kote poul la pase a. Aristide : Yon sèl poul fèb, ansanm poul fò, ansanm ansanm poul se lavalas. Jean Marie Le Pen : Poul yo dwe travèse lari a pou yo retounen lakay yo. Lafrans se peyi blan franse li ye. William Shakespeare : travèse lari a oubyen pa travèse se ka ki kesyon an. Einstein : Sa depan kote pwen referans ou ye. Paske ou ka wè se poul la k ap travèse lari a. Men gen dwa tou se lari a k ap mache al jwenn poul la. René Préval : Poul la ap chèche naje pou l soti.

KEPKAA 2000 boul. Saint Joseph E Montréal, QC H2H 1E4 Tel : 514 750 8800 kouryèl: kepkaa@ videotron.ca Ofisye polis kanadyen ann Ayiti Gen anpil peyi nan lemonn ki resevwa èd imanitè nan men Nasyonzini. Nasyonzini voye moun ak divès kalite konesans pou ede nan yon kominote. Yon egzanp kon sa se èd lapolis. Depi 1993, Kanada voye polisye kanadyen ann Ayiti. An 2010, Kanada ap voye 250 ofisye polis ann Ayiti. Ofisye yo voye yo, yo te chwazi yo selon kèk kondisyon klè: Yo dwe gen yon kondisyon fizik ak yon kondisyon medikal ki depase mwayèn, yo dwe demontre yo ka debouye yo nan sitiyasyon difisil epi yo dwe gen bon tolerans pou gwo evènman ki ka twomatize yo. Ofisye polis sa yo te resevwa fòmasyon pou de semenn avan yo ale ann Ayiti. Gen plizyè travay pou yo fè ann Ayiti. Lapolis kanadyen patisipe nan fòmasyon ak sipèvizyon polis Ayisyen an ak Minustah. Yo fè patwouy nan lari yo apye oubyen nan machin. Yo okipe koze sikirite nan evènman politik tankou eleksyon yo. Yo pataje konesans espesyalize yo genyen tankou nan envestigasyon, idantifikasyon jidisyè, kidnaping ak krim seksyèl yo. An plis de sa, yo patisipe nan entèvansyon 6 imanitè sou dwa moun. Eksperyans ale nan yon misyon imanitè ann Ayiti se esperyans ki ede moun aprann anpil bagay. Tout ofisye polis ta dwe ale omwen yon fwa. Lè yo retounen, yo gen plis kapasite pou yo fè travay nan kondisyon difisil, yo vin gen plis limyè sou diferans kiltirèl ak Ayisyen yo epi yo vin plis louvri sou lòt moun. Epitou, yo tounen ak yon bon konesans lang kreyòl la. Sa ede yo vin pi pre Ayisyen ki abite Kanada. Nathalie Simoneau Kouman mwen dekouvri Kepkaa (suit) Mwen rele KEPKAA pou sa epi anvan lontan mwen kòmanse suiv kou kreyòl la. Kou a enteresan anpil. Mwen jwenn anpil enfòmasyon, anpil vokabilè. Anbyans kou a se yon anbyans rilaks kote tout moun santi yo alèz. Gras a pwofesè a. Kounye a m kòmanse pale ak madan Clément an kreyòl. M vle kontinye. Susie Gruber Anplis òganizasyon Mwa kreyòl la nan Monreyal, KEPKAA ofri kou lang kreyòl pou Kebekwaz/Kebekwa ak pou lòt moun ki vle aprann kreyòl. KEPKAA gen yon sèvis tradiksyon ki djanm tou. Epitou depi kèk jou Libreri KEPKAA sou Entènèt. Sa vle di, nou ka achete liv nou an liy san pwoblèm. KEPKAA vle fè pwogrè. Ann mache avèk li!